Poukisa yon depo ka pa monte sou kont ou?
Sou 4Poch, nou travay chak jou pou depo yo pase rapid, senp, epi an sekirite. Men gen kèk sitiyasyon kote yon depo ka pran reta oswa li pa parèt tousuit sou balans kliyan an. Atik sa a la pou ede w konprann rezon ki pi komen yo, epi konnen kisa pou w fè si sa rive.
1) Poukisa yon depo MonCash otomatik ka pa pase?
Gen kèk fwa yon kliyan ap eseye fè yon depo MonCash otomatik, men tranzaksyon an pa rive finalize. Youn nan rezon ki pi souvan rive se paske kont resepsyon an rive nan limit tranzaksyon MonCash mete sou li.
Sa vle di, lè gen twòp tranzaksyon k ap antre nan menm kont la nan yon ti tan, sistèm nan ka sispann resevwa nouvo depo yo pou yon moman. Lè sa rive, li ka pran jiska 24 èdtan maksimòm pou nou vide kont la epi remete sèvis la nòmal.
Pandan tan sa a, kliyan yo toujou ka itilize lòt opsyon depo ki disponib sou platfòm nan, tankou:
- Depo manyèl NatCash
- Depo manyèl MonCash
- Depo crypto otomatik USDT TRC20
- Depo crypto otomatik USDT BEP20
Se poutèt sa li enpòtan pou toujou verifye ki metòd ki aktif lè w ap fè depo a.
2) Poukisa lajan an ka soti sou kont MonCash mwen, men li pa monte sou balans mwen?
Sa se youn nan ka ki rive pi souvan nan depo MonCash otomatik yo.
Gen anpil fwa kliyan an fè peman an, lajan an soti sou kont li, men li pa parèt sou balans 4Poch li. Rezon ki pi komen an se paske kliyan an pa finalize dènye etap la, sa vle di li bliye klike sou “OK” oswa bouton konfimasyon an apre peman an.
Lè sa rive, peman an ka fèt bò MonCash, men sistèm nan pa resevwa konfimasyon final la pou l mete lajan an sou kont kliyan an otomatikman.
Kisa pou w fè nan ka sa a?
- Kontakte sipò nou tousuit
- Kite mesaj ak detay tranzaksyon an
- Bay prèv oswa enfòmasyon ki ede nou idantifye peman an
Nou menm tou, nou toujou fè verifikasyon regilye pou nou chèche si pa gen missing payment ki bezwen trete manyèlman. Men li toujou pi bon pou kliyan an ekri nou vit si li remake pwoblèm nan.
3) Poukisa yon depo USDT pa monte?
Nan ka depo crypto, espesyalman USDT TRC20 oswa USDT BEP20, youn nan erè ki rive pi souvan se lè kliyan an pa voye kantite egzak la.
Sistèm otomatik la souvan bezwen resevwa montan egzak ki te mande a pou li ka valide depo a san pwoblèm. Si montan an pa egzak, menm si diferans lan piti anpil, sa ka lakoz depo a pa valide otomatikman.
Pa egzanp, si kliyan an manke menm 1 santim, sistèm nan ka pa rekonèt tranzaksyon an kòm depo ki koresponn ak demann lan.
Sa pou w sonje pou depo USDT:
- Verifye rezo a byen: TRC20 oswa BEP20
- Voye montan egzak la
- Asire w adrès la kòrèk
- Pa fè erè sou kantite a
Si depo a pa monte:
Kliyan an dwe kontakte customer support la epi kite mesaj ak detay tranzaksyon an pou nou ka fè swivi sou li.
4) Poukisa yon depo manyèl ka pa monte?
Pou depo manyèl yo, gen kèk bagay kliyan an dwe toujou fè ak anpil atansyon. Lè w ap fè yon depo manyèl, li enpòtan pou tout enfòmasyon yo kòrèk depi nan kòmansman an.
Men sa kliyan an dwe verifye:
- Voye screenshot oswa prèv depo a
- Antre montan egzak li voye a
- Pa voye fo done
- Pa bay move referans oswa move enfòmasyon
Si youn nan eleman sa yo pa kòrèk, sa ka lakoz verifikasyon an pran reta oswa depo a pa ka apwouve tousuit.
Konbyen tan yon depo manyèl ka pran?
Yon depo manyèl ka pran jiska 24 èdtan pou nou verifye li epi apwouve li, depi tout done yo kòrèk.
Si tout enfòmasyon yo bon, nou revwa dosye a epi nou mete lajan an sou kont kliyan an.
5) Evite voye plizyè demann pou menm tranzaksyon an
Lè yon kliyan fè yon depo epi li wè li poko monte, li nòmal pou li enkyete. Men li trè enpòtan pou li pa voye plizyè rekèt an menm tan pou menm tranzaksyon an.
Lè gen anpil mesaj oswa anpil demann sou menm dosye a, sa ka konplike swivi a epi ralanti tretman an. Pi bon fason an se:
- Voye yon sèl mesaj byen klè
- Mete tout detay yo ladan l
- Tann ekip sipò a revize dosye a
Sa ede nou trete ka a pi vit epi pi byen.
6) Ki pi bon bagay pou w fè si depo ou pa monte?
Kèlkeswa kalite depo a, si w fè yon tranzaksyon epi ou remake li pa parèt sou balans ou, pi bon refleks la se:
- Kontakte sipò a rapid
- Bay detay tranzaksyon an
- Voye screenshot oswa prèv la si sa nesesè
- Pa fè menm demann lan plizyè fwa
Sa pèmèt ekip la fè verifikasyon ki nesesè yo epi ede w pi vit.
Konklizyon
Yon depo ka pa monte pou plizyè rezon, selon metòd depo a. Pou MonCash otomatik, sa ka soti nan limit tranzaksyon MonCash mete sou kont la oswa paske kliyan an pa finalize peman an. Pou depo USDT, sa rive souvan lè montan an pa egzak. Pou depo manyèl, reta yo rive sitou lè enfòmasyon yo pa konplè oswa yo pa kòrèk.
Sou 4Poch, nou toujou ap fè swivi sou tranzaksyon yo pou ede kliyan yo rezoud pwoblèm yo pi vit. Men nou konseye tout kliyan yo pou yo toujou verifye enfòmasyon yo byen anvan yo valide yon depo, epi kontakte sipò a tousuit si yo remake yon pwoblèm.
Toujou kontakte sipò a si w fè yon depo epi ou wè li pa monte sou kont ou.