Règ Itilizasyon Kat 4Poch – Evite Blokaj ak Frè Sipò
Pou asire ou itilize kat 4Poch ou san pwoblèm, tanpri respekte prensip sa yo:
1. Depo sou Facebook oswa Lòt Platfòm
-
Depo dirèk sou kont ou olye de peman otomatik sou Facebook oswa lòt platfòm.
-
Facebook ka eseye tire lajan otomatikman, sa ki lakoz tranzaksyon rejte (declined).
-
Chak esè tranzaksyon, kit li pase oswa li pa pase, koute $0.10 jiska $0.60.
2. Tranzaksyon Rejte (Decline)
-
Si ou fè 2 tranzaksyon rejte oswa plis, kat ou ka bloke otomatikman.
-
Pou debloke kat la, kontakte ekip sipò nou an.
-
Si ou kontinye fè tranzaksyon ki pa pase, nou ka bloke kat ou definitivman pou sekirite sistèm nan.
3. Frè Entènasyonal – Cross-Border Fee
-
Lè w ap peye yon machann oswa sèvis ki pa baze Ozetazini, pral gen frè transfè entènasyonal (Cross-Border Fee).
-
Frè sa a varye ant 1.5% ak 3% sou total montan tranzaksyon an.
-
Aplike otomatikman pa sistèm Visa/Mastercard.
-
Solisyon: Pou evite frè sa yo, sèvi ak kat la sèlman pou machann ki baze Ozetazini.
4. Asire ou gen ase lajan
-
Toujou verifye ke ou gen ase lajan sou kat la anvan ou fè tranzaksyon.
-
Si kat la pa gen ase lajan, tranzaksyon an ap rejte e w ap peye frè pou chak esè ki pa pase.
-
Si balans kat la pa sifi, nou pral retire frè a sou balans 4Poch ou.
-
Si balans 4Poch ou toujou pa sifi, kat la ka dezaktive, epi nou pral retire frè a sou pwochen rechaj ou fè.
5. Siveyans Kont Ou
-
Pou wè istwa tranzaksyon ou yo, ale sou:
https://4poch.com/fleet/transactions -
Pou verifye limit kat, estati kat (bloke/oswa pa bloke) oubyen lòt detay, vizite:
https://4poch.com/status
6. Sipò ak Asistans
-
Nou la pou ede w! Si ou gen difikilte oswa bezwen asistans:
-
Chat sou sit la
-
WhatsApp:
-
+509 38 93 35 34
-
+1 302 296 1818
-
-
Remak: Respekte règleman sa yo ap ede w evite pwoblèm pandan w ap itilize kat 4Poch ou.