Kijan Pou W Vin Ajan sou Platfòm 4Poch?

Category: Agent

Kijan Pou W Vin Ajan sou Platfòm 4Poch?

 

Kijan Pou W Vin Ajan sou Platfòm 4Poch?

Nan 4Poch, nou chwazi ajan nou yo ak anpil swen. Nou vle asire ke chak ajan nou genyen se yon moun serye, ki angaje, epi ki deja montre aktivite pozitif sou platfòm lan. Vin yon ajan pa sèlman yon avantaj finansye, li se tou yon opòtinite pou grandi ansanm ak pi gwo rezo fintech Ayiti a.

Kisa Ou Dwe Gen Pou W Vin Ajan?

Pou w ka kalifye kòm ajan sou 4Poch, ou dwe satisfè kritè sa yo:

1. Istorik Aktivite Solid sou Platfòm lan

Nou ap chèche moun ki:

Gen regilye aktivite sou aplikasyon oswa sit la (depo, tranzaksyon, achte kat, jwe MegaDomino, elatriye)

Pa janm fè zak ki kont règ yo oswa eseye twonpe sistèm nan

Patisipe nan sèvis yo epi ede lòt itilizatè si gen bezwen


2. Konpòtman ki Alini ak Policy 4Poch

Ou dwe:

Respekte règ nou yo

Pa angaje nan okenn fòm fwod oswa move itilizasyon sistèm nan

Fè itilizasyon entèlijan ak onèt de tout sèvis nou yo


3. Dokiman & Idantifikasyon (KYC)

Ou dwe gen yon pyès idantite valab

Ou dwe verifye kont ou nèt sou tout fòm


4. Kominote oswa Rezo Lokal

Nou bay avantaj ajan ki gen:

Rezo lokal: moun ki deja vann sèvis, ki gen ti biznis, oswa ki konn jere yon gwoup

Potansyèl pou pataje 4Poch ak lòt moun epi mete kominote l an kontak ak finans dijital


Benefis Pou Ajan yo

Komisyon sou chak tranzaksyon

Aksè a distribisyon kat vityèl

Sipò dedye ak zouti pou jere kliyan yo

Aksè rapid a nouvo sèvis ak test beta


Kijan Pou Aplike?

1. Ale sou: 

https://4poch.com/business&agentregister

2. Ranpli fòm aplikasyon an


3. Mete # tel ou 


4. Rete konekte pou evalyasyon ekip nou an ap kontakte w


Envitasyon nou se pou moun ki pare pou grandi ak nou! Si ou gen disiplin, vizyon, epi ou kwè nan pouvwa finans dijital – ou ka se pwochen ajan 4Poch nan zòn ou!