Kijan Pou Fè Depo oubyen Retire Lajan nan Kont Mega Domino ou ak Kont 4poch ou

Category: Game

Kijan Pou Fè Depo oubyen Retire Lajan nan Kont Mega Domino ou ak Kont 4poch ou

**Kijan Pou Fè Depo oubyen Retire Lajan nan Kont Mega Domino ou ak Kont 4poch**

Si w'ap jwe Mega Domino epi w bezwen retire lajan nan kont ou oswa fè depo nan kont ou otomatikman ak 4poch, etap sa yo ap ede w konprann ki jan pou fè sa fasilman. Mega Domino pèmèt ou transfere pyès oswa kredi ou genyen nan jwèt la dirèkteman nan kont ou sou 4poch.

### Retire Lajan nan Kont Mega Domino ou
1. **Louvri Aplikasyon Mega Domino**: Apre w fin ouvri aplikasyon an, antre nan kont ou si w poko fè sa.

2. **Klike sou "Cash Out"**: Apre w fin antre nan kont ou, klike sou opsyon "Cash Out" ki parèt sou ekran prensipal la.

3. **Chwazi Opsyon "Sell Coins"**:
   - Nan ekran sa a, chwazi "Payout to 4poch." Sa ap mennen w nan yon lòt fòm.

4. **Ranpli Fòm Detay yo**:
   - **User ID**: Mete User ID ou an ki konekte ak kont 4poch ou.
   - **Email**: Mete adrès imel ou ki konekte ak kont 4poch ou.
   - **Coins**: Antre kantite pyès ou vle vann epi transfere nan kont 4poch ou.

5. **Konfime Transaksyon an**: Klike sou "Sell Coins" epi verifye detay yo sou ekran an pou asire ke tout enfòmasyon yo kòrèk.

### Depo Kredi nan Kont 4poch ou
1. **Louvri Aplikasyon Mega Domino**: Apre w fin ouvri aplikasyon an, antre nan kont ou si w poko fè sa.

2. **Klike sou "Cash Out"**: Apre w fin antre nan kont ou, klike sou opsyon "Cash Out."

3. **Klike sou "Buy Coins"**:
   - Apre w antre nan meni prensipal la, w ap wè opsyon "Buy Coins." Klike sou li pou kontinye.

4. **Ranpli Fòm Detay yo**:
   - **User ID**: Mete User ID ou an jan li parèt nan kont Mega Domino ou.
   - **Email**: Mete adrès imel ou ki konekte ak kont 4poch ou.
   - **Password**: Mete modpas kont 4poch ou pou verifikasyon.
   - **Dollors**: Antre kantite lajan ou vle itilize pou achte pyès yo.

5. **Antre Kod OTP**: W ap resevwa yon mesaj pa imel ki gen yon kod ou dwe antre. Si ou gen kantite kòb la sou kont ou, lap debite kont $ ou a.

6. **Konfime Transaksyon an**: Klike sou "Buy Coins" epi swiv enstriksyon sou ekran an pou fini tranzaksyon an.

### Resevwa Fòmasyon
Lè w fin fè tranzaksyon an, pyès ou yo oswa lajan an ta dwe parèt nan kont 4poch ou an kèk minit. Si w rankontre nenpòt pwoblèm pandan pwosesis la, ou ka kontakte sèvis kliyan 4poch pou èd.

**Link**: [4poch API pou Peman Mega Domino](https://4poch.com/api/dominogamepayemnt)

Swiv etap sa yo chak fwa w ap fè yon transfè nan kont ou oswa ou vle achte coins pou asire w ke tout bagay fèt byen.

YouTube Video